PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

Lajistis amerikènn pral jije Pastè Emmanuel Christian Sanon, Rafael Guerrero 28 Septanm pou asasina Prezidan Jovenel Moïse kontrèman a sa Pierre Espérance te planifiye

Pa Anbasadè Stanley Lucas*

Pou komprann kote rayisans Pierre Espérance pou Jovenel Moïse kòmanse tout moun dwe al gadé sak te pasé nan eleksyon prezidansyèl ki fet sou Jocelerme Privert kote li te touché 1 milyon goud nan BMPAD. Pou plis detay tape la:

Pou mete kandida Jovenel Moïse deyò nan eleksyon 2016 – 2017 yo, Esperance fabrike pou Privert yon fo rapò 68 paj ak direktè kowonpi UCREF la Sonet Jean François kote li pral fè 5 milyon goud kandida Jovenel Moïse ak madanm li te genyen sou kont familyal yo nan Bank Nasyonal Kredi (BNC) tounen 5 milyon dola vèt. Lap sèvi ak sa pou akize kandida Jovenel Moïse de blanchiman lajan nan objektif pou li fè Privert a CEP a mete kandida Jovenel Moïse deyò nan eleksyon sa. Kou sa, montaj sa echwé. Tandé kijan kandida Jovenel Moïse te klarifye sa e reponn a tantativ enstrimantalizasyon yon enstitisyon léta pou detwui li kòm sitwayen. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Apré yo echwé nan konplo sa, Privert te voyé Gédéon Jean yon lòt dwazimen kowonpi al mete kandida Jovenel Moïse deyò ankò nan eleksyon pou prezidan atravè yon komisyon prezidansyèl verifikasyon elektoral. Gédéon Jean echwé tou malgré tout manèv li te fè andedan konsèy elektoral la pou elimine yon pakèt vòt pou kandida Jovenel Moïse. Pi devan peyi a pral jwen Gédéon Jean nan koudeta ak jij koupyon kasasyon Wendelle Coq ki patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moïse. Gédéon Jean te gen poul minis jistis Madan Coq “El Diamante” ki se nom kòd li nan operasyon Bolivi ki touyé prezidan an. Se menm atoufè Gédéon Jean sa ki jodia kaché pa dèyè Fils-Aimé nan primati a pou fè nonmen pou li plizyè jij kowonpi nan pòl jidisyè kap okipe afè krim finansye be krim de san. Objektif la se pou detwui opozan politik li gen pwoblèm ak yo epi pwoteje alyé li. Pou plis détay sou Gédéon Jean tape la 👇🏿:

Pierre Espérance enplike fon an aval e an amon nan operasyon Bolivi ki touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021. Premye pati operasyon Bolivi an te gen pou objektif sal karaktè Prezidan Jovenel Moïse ak fanmi li atravè médya, diskredite pwogram devlopman li tap fè atravè péyi a ki se karavann nan, diskredite lejitimé konstitisyonèl li nan di ke manda li fini an 2021 olyé 2022, sabote l, bloke l toupatou ak manti, batay nan palman, sabote pwojè li yo nan kou siperyè dè kont, ataké l nan tribinal ak jij de lékip, pwopagand manti sou radyo, nan laprès ak rézo sosyo anjeneral e nan enstitisyon etranjè tankou Caricom, OEA, Nasyonzini, kongrè ameriken ak depatman deta. Epi violans nan lari peyi dayiti pou rivé sou asasina a. Men 3 ekstrè de demach sa yo:

a- Tape la 👇🏿:

b- Tape la 👇🏿:

c- Tape la 👇🏿:

Pou operasyon Bolivi, Pierre Espérance alé nan kongrè ameriken li di Ayiti pa bezwen lamé pandan Prezidan Jovenel Moïse tap konstwui lamé dayiti pou mété sekirite. Pandan Pierre Espérance nan kongrè a li deklare manda Prezidan Jovenel Moïse ap fini 7 Fevrier 2022 aloske pandan li pòtoprens li di manda prezidan an fini 7 Fevrier 2021. Pou tandé tape la 👇🏿:

Pandan li devan kongrè ameriken Pierre Espérance di tou Prezidan Jovenel Moïse pa vlé fè eleksyon aloske se menm Pierre Espérance ak alyé politik li nan sena a Antonio Chèramy alias Kato, Evalière Beauplan, Nènèl Cassy, Ricard Pierre, Youri Latortue ki bloke lwa elektoral ak bidjè pou eleksyon òganize nan peyi dayiti nan lespri pou yo provoke yon tranzisyon. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Se menm Pierre Espérance sa ki te nan violans péyi lòk ak André Michel, Simon Desras, Axène Joseph, Gédéon Jean, Marjory Michel, Milien Romage, Evalière Beauplan, John Joel Joseph, Antonio Chèramy, André Michel, Schiller Louidor elatrye.

Pou komprann enplikasyon Pierre Espérance nan touyé Prezidan Jovenel e tiré Premyè Dam Martine Moïse 7 Jiyè 2021 ou dwé retounen tou an 2020. Alepòk komisè gouvènman Jacques Lafontant te mete manda lajistis dèyè enkilpe Dimitri Vorbe ak plizyè lòt alkolit paske yo volè plizyè santènn milyon dola vèt léta ayisien nan blakawout. Dimitri Vorbe te kouri al kaché Miami pou lajistis Ayiti pa mété men sou li.

Pandan Dimitri Vorbe Miami li voyé Pierre Espérance (RNDDH) pa anba al fè tantativ koripsyon sou komisè gouvènman Jacques Lafontant pou rétiré manda lajistis ki enkilpe Dimitri Vorbe pou kòb léta li vòlè.

Fòk ou retounen tou an 2022 lè Dimitri Vorbe finn patisipe nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine li te mété avoka pèsonèl li Berto Dorcé minis jistis. Berto Dorce pral sabote ekstradisyon Samir Handal, John Joel Joseph ak George. Berto Dorce pral fè lagé plizyè polisyé ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse. Tandé dega Berto Dorce ak Pierre Espérance fè pou proteje konplis yo ki se kriminèl ki touyé Prezidan Jovenel Moïse, tape la 👇🏿:

Lè pwosè sou asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse kòmanse nan tribinal federal Miami pou pwoteje montaj jidisyè Pierre Espérance te fè an Ayiti ak André Michel, Samuel Madistin e jij koupyon Walther Wesser Voltaire li te voyé Roudy Sanon diskredite sou rézo sosyo pwosè ki tap fèt nan Miami, pou tandé kòman kanpay sa tap fèt tape la 👇🏿:

Repòtaj YouTubè ak infliyansè yo sou temwayaj ak desizyon ki pran nan tribinal federal Miami krazé tantativ Espérance pou diskredite pwosè sa ki bay yon lide klè sou kiyès ki touyé prezidan an e tire premyè dam nan.

Lè kanpay pou diskredite pwosè Miami a echwé,v Pierre Espérance te fè yon aranjman ak Pastè kriminèl Emmanuel Christian Sanon poul pran pòz malad li pou li pat janm jije nan tribinal federal Miami. Li te fè aranjman tou ak jij koupyon Jean Roger Noëlcius ak Mario Beauvoir ki kanada sou jan yo ta dwe temwaye nan tribinal federal Miami. Epòk li fè vwayaj sa te gen yon ayisien ki fè gwo konfwontasyon avèk li nan aewopò.

Pierre Espérance tèlman pansé plan sa tap maché byen li te di sou radyo karayib Pastè Sanon tèlman malad li pap ka jije. Li menm sijere Pastè Sanon ap mouri anvan li gentan palé. Pou tandé deklarasyon sa tape la 👇🏿:

Pierre Espérance te pansé se pòtoprens li yé kote li abitye manipile rapò dwamoun, kote li konn manipile plizyè enstitisyon tankou ministè ak minis jistis, UCREF, DG Lapolis, DCPJ, CSPJ, Kasasyon, kou dapèl pòtoprens, tribinal premye enstans pòtoprens, jij enstriksyon ak pakè pòtoprens pou fè koripsyon jidisyè pou li.

Espérance manipile tou anpil rapò dwa moun. Pa egzanp li manipile dosyé siwo anpwazone Boulos ki touye 200 timoun ayisien. Espérance fè aranjman ak jij koupyon Jean Wilner Morin pou yo bay Boulos 6 mwa prizon pou 200 timoun li touyé a siwo anpwazone. Kanta pou 650 mil euros dedomajman fanmi timoun yo konpayi asirans olandè péyé, Pierre Espérance fourel nan pòch li.

Espérance manipile dosyé la saline nan ak menm jij koupyon Jean Wilner Morin ki te edel nan dosye siwo anpwazone Boulos la. Se ak dosyé la saline nan li pral sèvi pou fè manda ilegal kont prezidan an ke li te achté nan men Jij koupyon Jean Roger Noëlcius ak kòb Boulos te bali.

Pierre Espérance tonbé sou zo grann li. Jij Jacqueline Bercerra nan tribinal federal Miami deside li pral jije pastè kriminèl Christian Emmanuel Sanon pou enplikasyon l nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse le 28 Septanm sa vlé di nan 13 jou. Anpil ayisien ap tann jijman sa.

Nan kad pwosè sa prokirè a gentan mare Rafael Guerrero ki te siyen kòm temwen pou 175 mil dola ki te bay pou asasina prezidan an. Anplis Guerrero apré asasina Prezidan Jovenel Moïse e apré solda mèsenè asasen kolonbi tire Premyè Dam Martine Moïse li te diskite avèk yo ki meyè strateji pou kase fèy kouvri sa pou lajistis meriken pa maré yo.

Espérance tèlman sézi de anons pwosè sa, lap chaché kontakte Sanon pou dil tanpri pa site nom li e pa site nom oligak yo nan tribinal la. Eske yap fè menm strateji yo te fè ak Amaral Duclona e John Joel Joseph kote yo pwomèt lajan pou okipe fanmi yo an echanj pou yo pa palé de tout detay yo?

Lè 15 Mai 2026 pèp la aprann kanè sekrè koté Prezidan Jovenel Moïse te konn ékri tout kozé ki disparèt dépi 7 Jiyè 2021 apré yo touye prezidan an nan men Pierre Espérance anpil moun sézi. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Lè nouvèl sa gaye, premye reyaksyon Pierre Espérance fè nan mikro konfime li gen bagay lap kaché nan asasina Prezidan Jovenel e tantativ asasina sou Premyè Dam Martine Moïse paské li bay manti. Li di li jwen kanè prezidan an sou rézo sosyo yo. Tout moun konnen se manti paské pandan 59 mwa apré asasina prezidan an kanè a pat janm oken koté sou rézo sosyo yo. Pou tandé manti sa tape la 👇🏿:

Lè manti sa pa maché Pierre Espérance voyé Roudy Sanon di se yon jij enstriksyon ki bali kanè a. Tout moun wè lap chaché pwoteksyon nan men yon jij de lekip ki pou bay manti pou li. Menmsi kanè a te nan men yon jij etan doné enstriksyon an sekrè Espérance kòm direktè yon ONG pa tap janm gen aksè a kanè prezidan an paske li pa gen ni konpetans ni otorite pou sa. Pou tandé voyé monté Roudy Sanon fè pou li, tape la 👇🏿:

Se pa manti sa sèlman Pierre Espérance fè. Gen plizyè lòt manti ak kontradiksyon ki montré li fon nan touyé Prezidan Jovenel Moïse e tire Premyè Dam Martine Moïse.

An gadé plizyè video koté Espérance depalé, bay manti ak plizyè kontradiksyon lakay li.

An gadé deklarasyon li te fè 7 Fevrier 2021 kote li te di 18 kriminèl lapolis te arete yo pou tantativ touyé Prezidan Jovenel se kidnape lapolis te kidnape yo. Lè jounalis Dieuseul Guerrier konfronte li an 2026 li chanjé istwa sa li di se te koudeta. Video sa gen deklarasyon Fevrier 2021 jan li alèz pou bay manti pou pwoteje kriminèl yo e apré deklarasyon 2026 li. Gadé langaj kò li sou video a an 2026 wap wè li te nan konplo a. Pou ou gadé tape la 👇🏿:

Yon lòt manti, Espérance di lal nan reyinyon a pastè Emmanuel Christian Sanon pou evalyé deriv gouvènman Prezidan aloske tout reyinyon Sanon tap fè se pou planifye asasina Prezidan Jovenel. Li fè manti sa paské DCPJ jwen foto Espérance nan reyinyon ak pastè Sanon pou be asasina prezidan an. Pou plis détay sou manti sa, tape la 👇🏿:

Pierre Espérance bay manti tou sou manda ilegal jij Jean Roger Noëlcius yo itilize pou fè tantativ pou touye Prezidan Jovenel Moïse lè 7 Fevrier e touyél le 7 Juillet 2021 nan interview sa li fè avèk Valery Numa. Pou plis detay tape la 👇🏿: https://youtu.be/QylLzgFe18s?is=4zygyrGZVHxb2DAl

Pou dekouvri manti li fè sou manda ilegal la nan Valery Numa tandé interview sa li fè avèk Wendelle Théodore, tape la 👇🏿: https://youtu.be/Zosn8F0vfJ4?is=t8ns4h_Nr0LVVT5J

Lè ou gadé rapò RNDDH fè nan mwa out 2021 li palé de manda ilegal jij Jean Roger Noëlcius. Rézon ki fè li bay manti sa se paské Espérance, Samuel Madistin al jij koupyon Walther Wesser Voltaire tap esayé fè manda ilegal la disparèt nan rapò ankèt sou asasina prezidan an e òdonans lan. Kote montaj yo pral pran kou se lè manda ilegal la reparèt nan kou dapèl pòtoprens an 2025.

Kozé a pral gate lè Rosemila Petit Frère pibliyé le 16 Mas 2023 yon lèt kote li mande eksplikasyon a Pierre Espérance. Pist ke lèt sa bay montré John Joel Joseph rélé Espérance nan telefon le 6 Juillet 2021 nan apremidi pou fèl konnen se aswè a yo pral touyé Prezidan Jovenel Moïse. Men kopi lèt la, tape la:

https://www.juno7.ht/rosemila-petit-frere-ekri-pierre…

Nan seyans kou dapèl pòtoprens an 2025 Felix Badio Joseph pral mandé konfwontasyon avèk Pierre Espérance, pou plis detay tape la 👇🏿:

Pierre Espérance sèvi ak kontak li nan ministè lajistis, Patrick Pelissier, Camille Leblanc, nan CSPJ, nan kasasyon ak Samuel Madistin ki gen relasyon nan kou dapèl pòtoprens pou li pa alé nan fè konfwontasyon ak Felix Badio Joseph te mandé. Li te parèt tou nan laprès avèk anpil awogans Pou li se maré pou yo maré li pou li alé nan konfwontasyon. Pou tandé détay sa yo tape la 👇🏿:

Gen plizyè lòt egzanp manti, manipilasyon ak entèferans jidisyè Pierre Espérance fè nan asasina Prezidan Jovenel Moïse e tantativ asasina Premyè Dam Martine Moïse.

Pandan Esperance tap fè tout manipilasyon jidisyè sa yo, li tèlman rayi fanmi Moïse ke li te rantré nan yon kanpay medyatik manti ak denigreman kadav Prezidan Jovenel Moïse e pou asasinen karaktè Premyè Dam Martine Moïse. Li fè tantativ tou asasinen karaktè pitit ak fanmi prezidan an. Sa se pa konpòtman yon moun ki nan dwazimen. Se konpòtman yon asasen ki detèmine poul detwui tout yon fanmi. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Si lajistis pat nan men kriminèl yo Pierre Espérance tap déja anbakòd pou enplikasyon li nan gang e nan touyé Prezidan Jovenel Moïse. Se Pierre Espérance ki tap pwoteje chèf gang Bout Jeanjean lè lapolis mété l anbakòd. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Se Pierre Espérance ki pwoteje chèf òganizasyon teworis Fantòm 509 Youry Chevry fas a lapolis. Pou plis tape la 👇🏿:

Pierre Espérance ak Marvel Dandin pwoteje kriminèl 7 Fevrier 2021 yo. Pou plis detay tape la 👇🏿:

Jij koupyon Jean Wilner Morin te édé yo tou nan envanté manti pou pwoteje kriminèl ki fè tantativ touyé Prezidan Jovenel Moïse le 7 Fevrier 2022. Morin deklare 18 moun lapolis arete pou krim sa se kidnape lapolis kidnape yo. Pou plis détay tape la👇🏿: https://youtu.be/6bYtMux8gRY?is=uwWBhaz6wlNlnP7O

Se Pierre Espérance kap manipile kòmandan Samuel nan kanapevè, pou plis detay tape la

Lè a rive pou péyi dayiti korije kaye Pierre Espérance.

Leave a Reply