๐€๐ฌ๐š๐ฌ๐ข๐ง๐ž๐ง ๐๐ซ๐ž๐ณ๐ข๐๐š๐ง ๐‰๐จ๐ฏ๐ž๐ง๐ž๐ฅ ๐Œ๐จรฏ๐ฌ๐ž: ๐„๐ฌ๐ค๐ž ๐…รฉ๐ฅ๐ข๐ฑ ๐๐š๐๐ข๐จ ๐‰๐จ๐ฌ๐ž๐ฉ๐ก ๐ฌ๐ž ๐ฒ๐จ๐ง ๐œ๐ก๐š๐ง๐ฉ๐ฒ๐จ๐ง ๐ง๐š๐ง ๐ฃ๐ฐรจ๐ญ ๐ค๐จ๐ค๐ž๐ง?

*๐๐š ๐€๐ง๐›๐š๐ฌ๐š๐รจ ๐’๐ญ๐š๐ง๐ฅ๐ž๐ฒ ๐‹๐ฎ๐œ๐š๐ฌ*

Yon kowalisyon kriminรจl ki gen ladanl oligak, ansyen prezidan, lidรจ politik, ansyen palmantรจ, Jij, atoufรจ, dwazimen, jounalis, pastรจ legliz, blan globalis kowonpi ak kรจk lรฒt etranje patisipe nan touye Prezidan Jovenel Moรฏse e tire Premyรจ Dam Martine Moรฏse 7 Jiyรจ 2021 atravรจ yon operasyon ki rรฉlรฉ Bolivi.

Plan operasyon Bolivi pou touye Prezidan Jovenel Moรฏse, touye Premyรจ Dam Martine Moรฏse ansanm ak pitit prezidan an te gen plizyรจ pati ladanl.

1- Pwopagand manti pou sal karaktรจ prezidan an ak fanmi li pou kreye kondisyon pou touyel

2- Vyolans peyi lรฒk

3- Te gen 6 senaryo pou touye prezidan an ak fanmi li

4- Pwopagand manti pou sal kadav prezidan an ak karaktรจ fanmi li

5- Pran kontwรฒl pouvwa egzekitif ak pouvwa jidisyรจ

6- Chache bouk emisรจ pou kriminรจl yo pa pran kรฒd

Nan tรจt yo pwopagand manti yo te fรจ sou radyo pandan 3 lane pou sal karaktรจ chรจf leta a ak madanm li te dwe fรจ pรจp la pran lari epi bat bravo dรจske yo touye prezidan an. Kriminรจl yo te byen konte men yo te mal kalkile paske 7 Jiyรจ pรจp la pran lari vre men se te pou mare solda mรจsenรจ asasen kolonbi yo ki touye prezidan an e tire premyรจ dam nan. Jou sa, kriminรจl yo ki te gen plan rantrรฉ nan palรจ nasyonal al pran pouvwa fas a reyaksyon pรจp la panike e rantre nan mawon.

Youn nan atoufรจ ki te nan mawon se te Fรฉlix Badio Joseph. Se li ki te sipoze desann nan palรจ nasyonal ak El Diamante ki se jij koupyon kasasyon Wendelle Coq. Li te an kontak tou avรจk Ariel Henry pandan li te kay prezidan an 7 Jiyรจ nan maten.

Lรจ Ariel Henry resi mete tรจt li deyรฒ e pran pouvwa grace a madan Helen Lalime, li fรจ yon interview nan radyo Scoops FM kote li esaye pwoteje Badio ki te nan mawon. Pouw tande interview sa tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ: https://youtu.be/hNpg2IR7ovQ?si=ci4kXz6j5OBf15cW

Ariel pral lage Radio pi devan e komanse lonje dwรจt sou li kรฒm moun ki enplike nan krim nan. Pandan li te nan kachรฉ an 2022 li voye bay laprรจs an Ayiti yon odyo ki te fรจ anpil aktyalite. Nan odyo sa Badio di li pran gwo responsabilite pou Ariel Henry ki sรฒti pou sakrifye. Li menase Ariel Henry. Nan pawรฒl kode Badio pral voye mesaj tou nan yon odyo pou di Ariel degajel jwen jij pal. Pou tande odyo sa tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ:

Se lรจ sa Ariel Henry pral nonmen 6 moun pal nan konsรจy siperyรจ pouvwa jidisyรจ (CSPJ) e 8 jij ki moun pal tou nan kou kasasyon. Depi lรจ sa lajistis nan men kriminรจl yo. Se pousa Badio ki wรจ sistรจm jidisyรจ a nan men yo pral rann tรจt li bay lajistis pansan yo pral fรจ montaj pou li lagel byen vit.

Yon pati nan kowalisyon kriminรจl ki touye Prezidan Jovenel Moรฏse e tirรฉ Premyรจ Dam Martine Moรฏse pral gen pwรฒp ajanda pa yo pou kenbe pouvwa a nรจt. Pierre Espรฉrance nan rapรฒ ak interview nan radyo deplimen Fรฉlix Badio Joseph.

Jij koupyon Pierre Denis Cyprien ki te sou kontwรฒl Samuel Madistin ak Andrรฉ Michel kontinye kloure klou a atravรจ rapรฒ ankรจt sou asasina prezidan an ke 2 atoufรจ sa yo ekri pou jij la.

Kontradiksyon ant kriminรจl yo pral mete anpil koze nan lari. Nan kou dapรจl pรฒtoprens Badio pral eklate lรจ li wรจ konplis li yo deside sakrifyel. Badio pral move nรจt se lรจ Claude Jean komisรจ gouvรจnman devan kou dapรจl pรฒtoprens tap reyaji tankou yon defansรจ Esperance olye li aji tankou yon pwokirรจ kap chache laverite. Pou ou tande echanj sa tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ: https://youtu.be/t_TYqRmd1_g?si=A6Rdp0mtMVDlLQoW

Nan echanj sa peyi dAyiti dekouvri yon lรฒt Badio ki tรจlman santi li chรจf ke li awogan ak 3 jij kou dapรจl yo ki se Pierre Denis Cyprien, Emmanuel Lacroix, Fremont Damesi. Se pa 2 frekan li fรจ. Pou plis detay tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ; https://youtu.be/EKjiQ-9i-iU?si=OZpQvB5vPMnOrA2-

Nan kou dapรจl Badio pral mande konfwontasyon ak Pierre Espรฉrance. Jij la pap okipel. Tandรฉ la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ: https://youtu.be/t_TYqRmd1_g?si=8DsDEhSYcgK5lGFC

Pierre Espรฉrance limenm reponn li pa prale nan konfrontaston ak yon enkilpe tankou Badio. Li di se mare pou yo ta mare li poul ta fรจ sa. Pou tande tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ: https://youtu.be/nXnuimietNs?si=AwTc6DEZHY4J2miB

Antretan dezyรจm mitan pwosรจ asasina Prezidan Jovenel Moรฏse e tantativ asasina sou Premyรจ Dam Martine Moรฏse nan tribinal federal Miami lage anpil revelasyon atravรจ bouch John Joel Joseph ki pral lese konprann ke Badio tap jwe plizyรจ jwรจt. Li te nan koudeta ak Ariel Henry. Li te nan koudeta ak Madan Wendelle Coq Thรฉlot e li tap jwe jwรจt pal tou. Dezyรจm pati pwosรจ sa nan tribinal federal Miami fini le 7 Me 2026 kotel jiri a jwen Intriago, Veintemilla, Solages elatrye koupab.

Le 15 Me 2026 lรฒbรจy pral pete an Ayiti. Pรจp la pral dekouvri ti kanรจ kote Prezidan Jovenel Moรฏse te konn ekri tout bagay nan men Pierre Espรฉrance. Nan repons li bay sou ki kote li jwen kanรจ a Pierre Espรฉrance bay manti plizyรจ fwa. Aprรจ yon manda konparisyon ki swivi de yon manda damene ki pa egzekite Jij Pierre Denis Cyprien bay yon komisyon rogatwa pou al chache kanรจ prezidan an. Sa pa janm egzekite. Fanmi Espรฉrance Patrick Pelissier ak Camille Leblanc, ki se aktyรจl e ansyen minis jistis sabote komisyon rogatwa sa. Aprรจ sa rive Esperance fรจ dyรฒlรจ se li ki fรจ revoke direktรจ DCPJ Majistin kel te bay defi vinn lakay li. Pou plis detay tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ:https://youtu.be/MxEWyt02qPc?si=c4livqb7WI-PEwrN

Se nan kontรจks sa 20 Septanm 2026 Badio ak 18 solda mรจsenรจ asasen kolonbi kolonbi yo ekstrade Etazini. Anvan li ale li lage yon odyo sou Pierre Espรฉrance e sou Axรจne Joseph direktรจ kabinรจ premye minis defakto Alix Didier Fils-Aimรฉ ke li di ki enplike nan asasina Prezidan Jovenel Moรฏse. Li di yo bay Axรจne jรฒb la la kรฒm rekonpans

Pou tande tape la ๐Ÿ‘‡๐Ÿฟ: https://youtu.be/6hA2JgF4w5g?si=_1BkNdPMo3tj61JH

Sanble nan twazyรจm mitan an gen 33 nouvo moun ki pral jije nan tribinal federal Miami.

Jij Pierre Denis Cyprien limenm chache fรจ wont tounen kรฒlรจ. Kominike minis jistis la di klรจman dosye asasina Prezidan Jovenel Moรฏse e tantativ asasina sou Premyรจ Dam Martine Moรฏse tap jere sou infliyans. Konsรจye prensipal Cyprien se Samuel Madistin avoka oligak kriminรจl Rรฉginald Boulos. Li tap telegide jij Cyprien. Yo te menm voye kรจk abolocho nan laprรจs al prepare

teren opinyon piblik la pou yo nan kad montaj a yo tap pare. Ekstradisyon bayo gwo kou.

Leave a Reply