PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

Lettre ouverte à Monsieur Dimitri Hérard

Dimanch 30 Mas 2025,

Bonjou chè Dimitri Hérard,

Mwen swiv ak enterè diferan prezantasyon w fè sou channel youtube ou. Kote w prezante tèt ou kòm pitit yon entelektyèl, edikatè, militan angaje Gabriel Hérard.

Ou prezante w tou kòm yon jenn gason kouraje, nan lanmou l gen pou Peyi l, chwazi metye zam pou fè karyè , sitou pou defann Peyi l. Ou prezante w kòm yon nonm kiltive, ki pa al nan metye zam lan pou chèche manje, men sitou paske se yon vokasyon.

Ou prezante w tou kòm yon veritab patriyòt ki te fè tout sa w kapab pou anpeche zak sasinay san parèy ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse anndan chanm lakay li nan lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021.

Pèmèt mwen kanmenm raple w ke w te fè pati 3 moun ki pi enpòtan nan Sistèm sekirite prezidan an. Dayè, twoup ou tap kòmande a se premye liy defans alantou kay ak zòn kote prezidan an abite.

Mwen remake tou, nan dènye sòti w la, ou kanpe an militè, ou kanpe an kòmandan, ou menm wè tèt ou kòm yon patriyòt ki disponib pou sèvi nasyon an ki jodi a an danje.

Ou menm tante konpare tèt ou kòm yon Ibrahim Traoré pou AYITI !

An menm tan, ou prezante w nan yon biwo chaje liv, sa ki ta prezante w kòm yon nonm ki dòmi kole ak lakonesans. E ou te raple l tou nan premye prezantasyon w yo, lakonesans ta yon domèn ki enterese w anpil. Dayè ou di pandan tan w pase nan prizon an , ou pwofite li, men sitou etidye pou bay tèt ou diplòm adisyonèl.

Chè Dimitri Hérard, m fè ti rapèl sa yo, se pou m kap atire atansyon w sou yon kesyon enpòtan ki pa reponn nan diferan prezantasyon w yo. Kòm militè, devwa w se defann Peyi w, ak onèt-te, entegrite ak diyite. Se akonpli devwa w san repwòch pou defann onè w. Sa ki pa rive fèt nan ka zak kò asasinay ki fèt sou prezidan Jovenel Moïse lan. Sètènman si w te rive akonpli devwa w san repwòch Jovenel Moïse pa tap mouri asasinen anndan chanm lakay li. Pwiske se te youn nan devwa w yo, anpeche tout menas ki kap rive nan sèk prezidan Repiblik la. Deja Nou doute fò si w pa t gen kapasite pou pwoteje lavi prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, kòman wap kap pwoteje Lavi 12 milyon ayisyen, men sitou pwoteje Peyi a. A mwens ke ou ta rekonèt kilpabilite w nan konplo a? Men si w pa ta nan konplo a , epi malfra yo rive fasilman atenn prezidan an, kòman pèp la kapab fasilman lage desten Peyi a ba ou kòmandan ?

Kounye a, m vini dirèkman sou sa m te vle mande w la kòmandan. Ou gen tout admirasyon sa a pou lakonesans, sitou lè w prezante tèt ou kòm yon jenn gason ki grandi nan yon anbyans kote lakonesans te toujou priyorite a. Alò, nap tann repons ou sou Zak kò asasinay ki fèt sou Gregory Saint Hilaire, briyan jèn entelektyèl ki te jis ap batay pou ministè edikasyon nasyonal respekte angajman l te pran pou entegre Nòmalyen ki fini ak sik etid yo, nan fonksyon piblik la, kòm anseyan.

Kontrèman ak asayan ki te menase lavi prezidan an yo ke menm yon zepeng pa pike youn nan wout lakay prezidan an, Gregory Saint Hilaire te asasinen anba kout bal full automatic ajan ki te sou Kontwòl ou yo nan USGPN lan. Deja se yon enigm pou anpil ayisyen. Kòman USGPN lan, tèlman te sansib pou defann prezidan an, yo ouvè kout bal san rete sou etidyan kap revandike dwa yo ak pankat, de pla men yo ak bouch yo. Poutan, asayan ak gwo zam fann fwa anvayi fasilman espas lakay prezidan an, anba je USGPN lan.

Alò, pou tout lanmou sa a w gen pou lakonesans lan kòmandan, kòman w te fè bay lòd menm pou ouvè kout bal sou lokal lekòl Nòmal Siperyè ki se youn nan pi gwo espas lakonesans nan Peyi DAYITI ?
Papa w, Gabriel Hérard, kòm pwofesè Istwa, pat di w anyen menm sou senbolism Lekòl Nòmal sou koze lakonesans isit AYITI ?

Kòman w te fè alèz pou bay twoup yo lòd pou maspinen, ouvè kout bal san rete, sou pwofesè, etidyan ak pèsonèl soutyen anndan Lekòl Nòmal ? Men sètènman w pa t bay lòd pou ouvè kout bal sou asayan ki tap penetre périmèt pou rantre Lakay prezidan Repiblik la pou asasinen l lannwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 an ?

Chè Dimitri Hérard, m espere repons ak kesyon sa yo kap fè sijè prensipal pwochen epizòd sou channel youtube ou an.

Jodi a, Gregory Saint Hilaire ak Jovenel Moïse nan Laverite, mwen avè w nan Zòn ilizyon an toujou. Se sèten, ni Jovenel Moïse, ni Grégory Saint Hilaire, yo konn pi byen pase m kiyès ou ye. Kote yo ye a, Lavi w ouvè tankou liv ou pretann ke w renmen yo devan yo. Yap kripte w, yap obsève w , yo konnen w trè byen, men sitou yo wè deja kòman sa pral fini tou.

Mési paske w te pran tan w chè Dimitri Hérard pou w li ti korespondans sa. M enpasyan pou jwenn repons ou kòmandan.

Sitwayen angaje Manicatex, kap chèche Limyè sou zak kò asasinay Gregory Saint Hilaire.

Leave a Reply