PUBLICITÉ
COMPAGNIE DIGNITE

Haïti insécurité : La Société Haïtienne de Criminologie et d’Etudes Pénales interpelle les autorités

Sosyete Ayisyèn kriminooji ak Etid Penal ap attire atansyon otorite Leta yo sou deteryorasyon klima ensekirite a ki lakoz anpil moun nan popilasyon an kontinye ap kouri kite lakay yo epi tonbe anba bal nèg ak zam. Menm ti bb pa epanye. Deteryorasyon klima ensekirite Ayiti konnen Jodi a se rezilta divizyon, chire pit ki genyen ant direktè jeneral lapolis la Normil Rameau ak premye minis ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé. Chak fwa sitiyasyon sa yo pwodwi andan leta a se popilasyon an ki peye konsekans lan.

Konpòtman Premye Minis ayisyen an ak Direktè jeneral lapolis la ki se 2 pi gwo pèsonalite ki konpze CSPN nan ranfòse konviksyon nèg ak zam yo ki kontinye ap pran teritwa anba je Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ki ta sanble sèlman amizel nan goumen pou pòs direksyon jeneral, delegasyon ak meri yo pandan yo bliye obligasyon yo genyen pou garanti sekirite popilasyon an. Konpòtman manm KPT a ak Premye Minis lan kap goumen ak chèf lapolis la pou pouvwa montre yon fwa ankò se afè pèsonèl kap regle se pa popilasyon an ki enterese yo.

Chire pit, konfli ak divizyon ki genyen ant PNH la ak primati devan konplezans oubyen konplisite manm kPT a ki bliye obligasyon yo genyen anvè popilasyon an pwouve yon fwa ankò nan ki nivo Leta enpilke nan fènomèn kriminalite planifye kap vale teren nan peyi a.

Chak jou materyèl ap antre pou lapolis. Anpil dispozisyon anonse, malerezman sitiyason an vin pi konplike. Popilasyon an kontinye ap kouri kite lakay li, moun kontinye ap tonbe anba bal nèg ak Zam. Sa ki pouse SOHACEP poze kesyon sou vrè wòl ak misyon Direktè Jenral lapolis la ak Premye Minis lan ki chèf CSPN nan ki pa rive antann yo pou rezout pwoblèm kriminalite a Ayiti ap travèse depi yon bon bout tan.

Nap raple, Lapolis ak Lame se 2 sèl enstitisyon ki konstitisyonèlman egziste. Peyi a konte sou nou. Lilè li tan pou nou pran responsablite nou. DG lapolis la pa kapab nan konfli ak DCPA ak Enspeksyon Jeneral. Sa se baz echèk lapolis toujou fè nan operasyon ou byen entèvansyon yo sou teren an, paske wo kòmandman lapolis la divize pandan yon pati ap kòde epi lòt pati ap dekòde. Se antann pou nou antann nou pou PNH la rive ranpli misyonl genyen anvè popilasyon an. Popilasyon an pa kapab kontinye ap peye konsekans vagabondaj ki genyen andan Leta a.

Lapolis pa dwe ap mete avis de rechèch dèyè moun ki gen pwoblèm ak lajistis yon fason pouw fè yal kache. Si tout fwa lapolis vle fè yon bagay pou peyi a se mache arete tout moun ki an kontravansyon ak lalwa nan mennen bon jan operasyon, san se pa sou radio ak rezo sosyal pou lap anonse li pral arete bandi oubyen moun ki gen lyen ak bandi.

Premye Minis Alix didier Fils-Aimé, ou se Prezidan CSPN, ou gen randevou ak listwa. Divizyon ak konfli ki genyen ant ou menm ak Direktè Jeneral PNH la pap mennen peyi ap okenn kote okontrè se plis moun kap mouri, se plis teritwa kap pèdi. Lilè li tan pouw pran responsablitew, pandan wap aji an òm deta responsab, pou pèmet popilasyon an rale yon souf ak fenomèn kriminalite kap vin pi grav chak jou pi plis andan peyi a. Konpòtman w nan tèt primati fas ak fenomèn kriminalite a montre aklè ou pat janm gen yon plan pou te vin ranpli misyon KPT a te konfyew la.

Premye minis, ou prezante bilan 100 premye jou ou pase nan primati. Pandan twa premye mwa sa yo eske ou ka di kiyès nan wout nasyonal yo ou debloke, kisa ou fè ak lopital jeneral, ki dispozisyon ou te rive adopte pou soulaje mizè plis pase 5 milyon ayisyen jodi a ki pa ka manje, konbyen teritwa pèdi ki rekipere, konbyen nan 8 san mil moun ki deplase yo ou fasilite retounen lakay yo, ki sa ou fè pou dwa moun sispann vyole andan peyi a ? Okontrè PM, sitiyason an vin pi konplike. Bandi ap pran ti bb nan men manman pou lage nan dife, sa pa di pèsòn anyen. Ou di ou te okouran bandi te gen pou atake komin kenskòf, ki enstrikson ou te pase kòm prezidan CSPN ? Anpil moun mouri san konte sa ki disparèt, anpil moun pa konnen jodi a ki kote pou yo pran alòske wap pale de eleksyon. Nan ki peyi, pou ki pèp ak ki sekirite?

PM pandan wap chante kantamwa, plizyè zòn nan depatman lwès la tankou Taba 25, taba 27, Delmas 30 apèn twouve anba kontwòl nèg ak zam. Plizyè moun déjà pran bal.

SOHACEP ap kontinye denonse tou konplezans, silans oubyen inegzistans Minis Jistis ak Sekirite Piblik la Me Patrick Pelissier ak Minis Enteryè ak kolektivite Teritoryal yo Paul Antoine Bien-Aimé fas ak fenomèn kriminalite Ayiti konnen dènye jou sa yo.

Sosyete Ayisyen kriminoloji ak Etid Penal ap mande pou popilasyon an pran plim li ak kayel, poul kòmanse idantifye vrè enmil yo. Se pa ti mesye ak sapat yo men pito se nèg ak kravat yo ki bay nesans ak ti mesye sa yo nan fason yap aji nan sa ki konsène gouvènans peyi a.

Fas ak tout konsta sa yo, Sosyete Ayisyèn kriminoloji ak Etid Penal kwè li enpòtan pou gen bonjan dispozisyon ki pran pou bay peyi a yon Plan Nasyonal Sekirite ak enplikason bonjan teknisyen nan domèn sekirite.

SOHACEP ap kontinye atire atansyon otorite Leta yo sou òganizasyon referendum konstitisyonèl la ki prevwa pou mwa me 2025 lan nan yon moman kote zak kriminèl yo pa sispann vale teren andan peyi a.

SOHACEP konsidere volonte KEP a pou òganize referendum konstitisyonèl pou 8 depatman pandan’l prevwa mete sou kote depatman Lwès ak Latibonit ki reprezante 55 pousan nan elektora a kòm yon zak diskriminatwa ki vize vyole yon fwa ankò dwa sivil ak politik popilasyon an.

SOHACEP denonse absans yon kanpay sansibilizasyon ak enfòmasyon li konstate nan kad avansman pwosesis referandòm lan ki anpeche popilasyon an gen bonjan enfòmasyon sou pwojè refòm konstitisyonèl la.

Absans kanpay sansibilizasyon ak enfòmasyon sa lye dirèkteman ak ogmantasyon aktivite zak kriminèl yo ki anpeche manm KEP a avanse ak pwosesis referendòm lan. Sa ki kapab gen gwo konsekans sou avni popilasyon an.

SOHACEP deja ekri Konsèy Elektoral Pwovizwa pou mandel kanpe sou tout aktivite ki gen pou wè ak aboutisman pwosesis referendòm konstitisyonèl la an atandan gen yon klima sekiritè ki etabli ki enspire konfyans ak popilason an. An menm tan, SOHACEP deja voye tou yon korespondans bay KPT a pou mandel fè presyon sou KEP a pou kanpe ak pwosesis la pandan kPT a dwe travay nan tèt kole ak primati nan lide pou gen yon klima sekiritè favorab ak òganizasyon referdòm konstitisyonèl la ak eleksyon jeneral pou renouvle pèsonèl politik ayisyen an.

Mèsi

Luckner Edouard

Prezidan

Medsin Kriminològ

Leave a Reply